Haitian Education & Leadership program (HELP) fè rasanbleman yon seri jèn nan kat kwen peyi a. Depi 1996, òganizasyon sila ap kontribye nan fè rèv jèn sa yo reyalize. Jèn sa yo chwazi selon ekselans akademik yo epi mank mayen ekonomik.

Rive jwenn yon bous nan HELP, se rive dekwoche yon kokennchenn sèvis k ap pèmèt avansman etidyan yo fè pi byen. Pami sèvis yo gen kou siplemantè anplis sa jèn yo ap swiv nan inivèsite yo ye a. Kou sa yo se anglè Enfòmatik, Anglè ak Lidèchip. Pou fasilite etidyan yo enplike tout bon vre nan avansman kominote ayisyen an, yo mete plizyè pwojè sèvis sou pye. Pwotesyon anviwònman se youn ladan yo.

Nan premye ane yon etidyan nan HELP li gen pou l entegre pwojè sèvis pwoteksyon anviwonman an. Se yon fason pou jèn sa a komanse kontribye nan rann kote y ap viv la agreyab e pou yo kenbe pratik sa a pou tout rès pakou yo nan lavi.
Misyon pwojè sèvis pwoteksyon anviwòn an se kontribye aktivman nan efò k ap fè pou dimiye kantite dega aksyon nou ap fè sou anviwònman an.

Pou plis enfòmasyon li pwotokòl anviwònman HELP la