Jeneralite

Lèzòm tèlman itilize resous natirèl yo mal, sa koz anpil dega nan anviwònman an. Jounen jodia, nou ap rankontre yon seri chanjman nan klima a ki afekte tout aktivite ak fason nou ap viv. Se pou sa anpil peyi kòmanse pran bon jan mezi pou kwape pwoblèm anviwònmantal yo.
Nan peyi Dayiti gen efò k ap fèt nan sans sa a. Nan manman lwa peyi a (konstitisyon 1987 amande a) gen yon chapit ki baze sou pwoteksyon anviwònman (Tit IX, Chapit II, Atik: 253, 254, 255, 256, 257 e 258). Anplis jou kite premye Oktòb nan lanne 2012 la, gouvènman an te soti yon arete ki entèdi 23 pwodui dominiken antre nan peyia , pami yo: foam ak lòt pwodui an plastik.
Pwotokòl sa gen pou objektif pou fè respekte kèk prensip ki gen rapò ak pwoteksyon anviwònman nan local HELP yo. 

Pwoteksyon anviwònman ak òganizasyon espas la

Manm estaf yo ak etidyan yo gen obligasyon pou kontribye nan pwoteje anviwonman HELP la pandan y ap aplike meyè pratik enstitisyon an etabli. Se yon devwa pou tout moun ki fè pati kominote a enfome envite yo dispozisyon ki pran nan pwotokòl sila.

Itilizasyon dechè yo

    a) Tout moun ki fin itilize yon pwodui (kanèt, vè kase, papye) ki fè fatra dwe mete li nan poubèl ki fèt pou tip fatra a.

     b) Pèsonn pa gen dwa antre nan local HELP yo ak pwodui ki fèt an foam epi polistirèn, boutèy an plastik ak tout lòt plastik ki paka reitilize, tankou: Sachè dlo, asyèt plastik, kèps elatriye…

     c) N ap konseye tout moun itilize veso ki ka reitilize (goblè, bòl…). Prensip sa a valab pou tout aktivite k ap fèt ( Nan HELP oubyen deyò). Kòmand maje ak tout bagay n ap bezwen pou yon aktivite dwe fèt selon règ ak prensip ki nan pwotokòl la.


     d) Tout dechè òganik ki pa gen grès, tankou po patat, bannann, manyòk elatriye, dwe ale jete nan konpòs ki nan HELP yo.

 Itilizasyon poubèl yo

a) Poubèl yo dwe rete nan plas yo. Sèlman moun ki otorize ki ka deplase yo, tankou responsab pwoteksyon anviwònman yo. Lè yo plen nenpòt moun ka al dechaje yo epi retounen yo nan plas yo.

b) Chak poubèl fèt pou yon kategori dechè diferan e ki ekri sou li. Tout moun dwe founi je gade nan ki poubèl y ap jete tip fatra yo genyen yo. Pèson pa gen dwa jete rès manje nan poubèl ki anndan yo.

c) Poubèl ki deyò yo dwe toujou kouvri pou evite dlo lapli tonbe sou fatra yo, yon fason pou evite move sant.

Prensip sa yo obligatwa e se responsabilite tout moun ki nan kominote HELP la pou aplike yo!

Ann pwoteje anviwònman n ap viv ladan l lan