Non laten li: Azadirachta indica
Nim se yon plant ki ka grandi jiska 20 m otè e menm plis ankò.Pati yo plis itilize yo se fèy, flè, fui, ekòs, branch, ak rasin yo.
Men senk prensipal pwopriyete nim:
1- Pwopriyete antiseptik, antifonjik, antiparazitè: Youn nan pi gwo puisans Nim se efè antiseptik li. Tout sòt parazit, chanpiyon epi bakteri paka reziste devan l. Luil vejetal ak luil esansyèl ki fèt ak Nim itilize kòm ensektisid epi pestisid avèk anpil siksè. Li menm konbat pinèz sou kabann epi pou. Gen gwo rechèch ki fè konnen luil yo tire nan nim lan ka konbat kansè e lipatisipe nan aktivasyon mekanis iminitè selil yo.
2- Fasilite sistèm sikilatwa : Nim gen kapasite pou netwaye san pandan l ap redui toksin k ap sikile nan san an. Li ka patisipe nan rezoud pwoblèm ki gen nan po a, egzanp: Pikotman, po gra, chanpiyo elt. Yo itilize nim pou swanye "Arythmie" epi enflamasyon kè.
3- Pwopriete: Sistèm digestif : Lè nou konbine efè tonik ak efè antiseptik Nim genyen epi aksyon pou stimile sekresyon bil, nou ka swanye disbioz entestinal. Li ekilibre fonksyon dijestif la, ogmante apeti, diminye risk dyabèt, li soulaje kè fè mal epi sansayon vomi.
4- Pwopriyete: Sistèm respiratwa: Nim tonifye epi pirifye mikez respiratwa yo e li redui risk enfmasyon mikez yo. Li ka ede nan geri rim, branchit, las elt.
5- Pwopriyete: jenito-irinè: Nim stimile diirèz (pwodiksyon pipi). Li kontribye nan konbat pyè nan ren. E li ede yon ti kras pou deklanche règ (manstriyasyon) kay medam yo.

0 Comments