Lalwa se yon plant anpil moun konnen nan peyi dayiti sitou
pou gou anmè li genyen. Non syantifik li se Aloe vera, depi byen lontan moun ki
gen ladrès nan medsin tradisyonèl te konn itilize li pou geri, soulaje ak
prevni plizye maladi. Nan epòk Farawon yo, ejipsyen yo te rele li plant bondye
yo . Plizye milenè pase, men valè lalwa pa diminye, se pou sa nou pral gade
ansanm ki itilite li e kijan nou ka pwofite de li.
Pa genyen yon sèl kalite
lalwa, gen divès espès ki kiltive nan tout mond lan. Varyete yo plis konnen an
yo kiltive li nan peyi Babad, yo rele li Barbadensis miller . Se peyi lespay ki pi gwo pwodiktè lalwa nan mond
la. Yo itilize li nan anpil pwodwi alimantè ak kosmetik, tankou ji, bonbon,
gato, konfiti, savon, chanpou ak krèm pou po. Pou n site sa yo selman.
Nou ka remake gen anpil pwodwi ki fet ak
lalwa, se pa san rezon. Se paske li gen anpil valè nitritif ak medikal.
Reyèlman, li genyen yon gwo konsantrasyon oligo-eleman (Potasyom, Manyezyom,
Manganez, kalsyom, yod, fè, zen elatriye), vitamin (A, B1, B2, B3, B6, B9, C) ak
asid amine esansyèl yo.
Men ki benefis ou ka jwenn lè w konsome
pwodwi mirak sa a:
Regle kantite sik ki nan san w (glisemi)
ranfòse sistèm defans kò w (sistèm iminite)
Elimine toksin ki nan kò a (Se yon pwodwi anti-oksidan)
Ede fe po w bel epi an sante
Ede sistèm dijestif ou mache byen
Pou w fè yon tretman epi
pwofite de tout benefis sa yo, li konseye pou w bwè ant 50 a 100 ml ji ki fèt
ak lalwa chak jou. Li pa sèlman bon pou w geri maladi men ou ka itilize l pou
divesifye rejim alimante ou. Ann kontinye chèche konnen pouvwa ak benefis ki
gen nan plant nou yo.

0 Comments