N ap viv nan yon epòk kote fatra vin yon priyorite pou yon pa kèt moun. Tèlman nou pwodui anpil dechè nou twouve nou nan obligasyon pou eseye pote yon solisyon ak kantite fatra nan lage nan kat kwen latè.
Pwomosyon 2016-2021 nan HELP ki te fè pati pwojè sèvis jesyon dechè te deside, apre yon ane yo te pase ap travay aktivman nan rann anviwonman kominote y ap viv la pi pwòp, reyalize yon bèl aktivite sou jesyon fatra. Se an total 25 jèn ki rive wè pwodui nou jete kòm san ki pa itil ka sèvi yon sous de richès.
Kisa aktivite sa te ye?
Nan semèn x-y Avril nan lane 2017 la, yo te mobilize pou fè kanpay sansibilizasyon sou ki bon mezi nou ka itilize fatra pou l sèvi yon nan sa n ap fè. Tèm semèn lan se te " Fatra pa fatra, an n jere fatra nou yo". Nan ideyoloji pa nou depi nou rele yon bagay fatra se yon bagay ki fèt pou voye jete oubyen pa rete kote moun ap viv. Mantalite sa a fè chak pwodui nou fin itilize e nou pa bezwen ankò nou jete yo nan anviwonman an. Sa ki vin lakoz anpil dega nan ekosistèm e ki gen gwo konsekans sou lavi moun, pye bwa epi bèt yo.
Pwojè sila te gen pou objektif prensipal fè sitwayen yo konnen gen anpil posibilite pou rann fatra yo pwodui benefik pou yo. Se yon fason pou reyitilize yo, resikle yo epi valorize yo.
Kisa pwojè a te gen ladan l?
Pou kòmanse pwojè a, te atizan ki itilize dechè plastik pou fè divès kalite bèl pwodui atizanal ki te envite pou te vin fè ekspozisyon pandan twa jou.
Nan pwodui sa yo te gen : zanno pou fanm, pale, flè, goumèt, soukoup, vè chanpay an plastik elatriye
Rezilta aktivite sa a te yon reyisit paske chak jou sa yo gen pliske 100 moun ki rive fè konesans ak pwodui sa yo, ki lontan yo te konn panse ki pat ka sou moun ankò e gen anpil nan yo ki achte ale lakay yo.
Pou klotire semèn lan, yo òganize yon gwo konferans deba sou menm tèm lan. Nan jou sa a yo te envite de entèvenan ki gen konesans nan zafè pwoteksyon anviwonman. Entèvenan sa yo se te Fegens Tinegre kise etidyan finisan nan inivèsite Quisquéya epi M. Cole ki se yon fòmatè, atizan e pwotektè anviwonman. Yo te rive soulve divès danje sosyete nou an ap fè fas ki lye ak fatra
0 Comments