Fatra, yon sijè daktyalite ki sanble p ap janm pase mòd an Ayiti. Men tou, ann founi yon lòt je sou fatra n ap pwodui nan peyi nou an. Nou te konnen fatra gen tout enpòtans li?
Depi kèk tan, n ap obsève yon fenomèn. Li anvayi tout zòn, tout katye : Soti pi gwo kote nan peyi a pou rive kote ki pi mizerab yo. N ap ka wè ak konprann sa m ap di a si menm on fwa, avan nou pile atè lari Potoprens, nou te reflechi sèt fwa. N ap ka wè ak konprann sa m ap di a, si menm on fwa, pou nou travesè yon lari nou te oblije bouche nen nou. N ap ka wè ak konprann sa m ap di a tou, si menm yon fwa lè lapli bare nou, nou apye, n ap cheche wout pou pase. Son fenomèn konplèks. Li touche tout aspè nan lavi nou, nou menm Ayisyen. Fenomèn sa pa lòt ke fatra.
Fatra an Ayiti se yon melanj de yon bann ak on pakèt pwodui. Ou ka jwenn tout eleman nan fatra : dechè òganik kou dechè plastik. Men sa nou toujou neglije. Se tout sa nou ka fè avè l olye de anpile l san l pa regle anyen. Fatra se richès, si nou te konnen ! Pa egzanp, nou te konnen l te ka bay kouran?
Kounya nan gran peyi yo, yo deside pran pwoblèm polisyon an kòm yon pwoblèm planetè. Nou an danje! Pwoblèm sa touche kesyon sivi limanite. E youn nan aspè ki pi mal ladann se kesyon fatra. Kounya tout kote sou latè beni, ap chèche mwayen pou jere li paske anviwonman nou menase. E, ki pi bon mwayen pou jere fatra ? Yon sèl mo: Resiklaj.
« Rien ne gagne, rien ne se perd, tout se tranforme ». Lavoisier
Resiklaj se pran tout pwodui, ki bay posibilite sa, pou ou transfòme yo an lòt pwodui ki itil anko, sitou pou sèvis moun. Konsa li vin pi pratik pou kanalize tout eleman ki ta vle antrave bon fonksyonman anviwonman n ap viv la.
Pa bò isit nan peyi nou, nan sans sa gen jefò k ap mennen, men li poko evidan. Nou pa ka nye travay kèk atis ak atizan ap fèt nan domèn sa. Nan ban nou bèl valiz, bèl braslè, ke nou menm nou peye byen chè. Laplipa nan matyè baz yo se sachè, po plastik nou fin itilize nou jete
atè. Nou pa ka inyore travay agwonom yo tou, ki avèk debri oganik ki ban nou manje nan fè yo tounen angrè.
Mezanmi travay la kòmanse nan mitan nou deja, men ret anpil men ki poko vle kontre ak lot yo pou fè l avanse pi devan. Nou sispann wè fatra nan tout lari. Nou sispann wè yo monte pil sou pil bò kote menm machann n ap achte manje mete nan vant nou. Nou sispann wè tou imaj kote l ap fè kenken sou entènèt, lè nou tape non Ayiti nan “google search”. Kote lemonn antye ap wè pasivite nou antanke pèp. Ansanm, li lè, li tan pou n reyalize ke: Fatra pa fatra!
Olye pou n kite yo ap rann nou lavi enposib, ann avèk sa k lakay nou yo fè la diferans.
0 Comments