Konspostaj se yon metòd ki pèmèt nou resikle dechè òganik n ap fè chak jou. Ladan l n ap jwen kòm rezilta yon angrè natirèl ki pral patisipe nan refètilizasyon sòl yo. Pratik sa pèmèt ou evite itilize angrè chimik ki ka gen gwo konsekans sou sante moun, bèt ak plant yo.
Dechè nou ka mete nan konpòs
Men ki dechè nou dwe itilize nan yon konpostaj:
- Rès legim ak donn bwa
- Zèb ak gazon taye
- Papye
- Matyè kèk zanimo (Poul, Lapen, bèf...)
- Ma kafe
- Si bwa
- Pye bwa ki mouri
Elatriye...
Dechè nou pa dwe mete nan konpòs
- Zo zannimo
- Pwodui ki gen lèt
- Matyè chen, chat, moun...
- Materyo ki kontamine ak pestisid e pwodui danje
- Lwil
- Sann bwa
- Vyann, pwason
- Plant ak fèy malad
0 Comments