Jou ki te Vandredi xx pou rive Samdi xx Septanm nan lanne 2018 la, plis pase 150 jèn elèv lekòl te asiste a fòmasyon sila.
Men diferan gran pwen ki te trete nan kad aktivite a:
- Anviwonman ak sa li gen ladan l
- Devwa chak sitwayen anvè anviwonman an
- Koz epi konsekans debwazman nan Marbial
- Kijan nou ka fè pou nou eksplwate anviwonman an san koze twòp dega
- Metod pou fè konpòs
- Teknik pou resikle kèk matyè an plastik
- Tekinik pou reyalize yon pepinyè
- Kòman nou ka reyalize brikèt chabon avèk papye
Travay yo pat rete la. gen yon komite nan chak lekòl ki te benefisye fòmasyon an pou pèmèt angajman sa a kontinye.

0 Comments