Nou chak k ap viv gen pou devwa kenbe kote n ap viv la pwòp. Si aksyon yo gen konsekans sou lanati, nou sipoze angaje nou pou nou ede l rejenere.
Pou sa rive fèt depi nan kòmansman fòk nou konsyan de sa. Etidyan nan premye ane nan HELP, entegre pwojè sèvis Pwoteksyon Anviwonman nan lide pou konkretize rèv sa a. Yo kolekte dechè, yo dekante yo, transpòte yo mete nan pou bèl, yo òganize fòmasyon pou lòt sitwayen.
Imajine nan ki degre peyi a t ap bèl si chak enstitisyon eskolè ta mete sou pye yon pwojè konsa.